M Prèske Rive (feat. Tafa Mi-soleil)

MCM Powèt Revòlte

Compositor: Não Disponível

Hgrr Hgrr Yèè!

MCM Double MC, Powèt Revòlte

Yèèr

M p ap kanpe menm si m ta twouve m n on enpas
Menm si m ta jwenn mwens espas
M ap toujou fè 2 pas
E m ap toujou priye koz gras la pa janm ase
M ap brase brase tan mwen avan m trepase
Pou m pike devan m g on egzanp, pase m deja repase
Prezan m ap pase, pwen darive tèt mw deja plase
Obstak yo la, m ap kale jem pou m veye 4 kwen
Depi m konprann ki mele m sou 10 m fè 4 pwen
Fo ou pa m ap rive menm si m ta gen 2 pye poupe
M ap rive tèt kè m pozitif menm si l ta 2 pye koupe
Pandan m sou lign mwen m ap veye 2 sou kote m
M ap veye sa k pa bwè k kotem e fò m veye sa k sou kote mwen
M anba syèl la depi m fèt m pa konnen m g on nouvote mwen
Si se pou voksal yo mèt koupe 10 dwèt yo pa vote mwen
Toupatou sou la tè Dieu ak prensip m apiye
M pa posede machin m pa twò deranje sim a pye
Yon sèvolan nan nyaj la pa t fèt tou anlè
Yon kout volan ak san pou san pa ka fè w evit on malè
M ap gad devan m menm wè dèyè m
M jis sou tè espwa m sou tèt mwen
Genyen m pou nou men zafè mwen sèl pou pèt mwen
Si m pa ka mete tèt m ap pito koud 2 zòrèy sou epòl mwen
Epi kè m ak je m sou prensip pasyon ake tout lekòl mwen
Dèfwa m konn santi m anvi dekouraje tou
Pou succès m pa trouve nan vil e m fè 2 kou raje tou

M fèmen je m pou m gade dèyè
M wè tout chimen mwen gentan fè
Nuit blanch yo pote koulè
Sakrifis yo peye nan kè m, santi mwen prèske rive
Nuit blanch yo pote koulè

Soufrans ak delivrans kanpe menm kote n prèske rive
Depi n komanse wè pwoblèm yo konnen n prèske rive
Menm si n ap mach ak dlo nan zye nou dèfwa n prèske rive
Pandan vi sa vle fè n chanje pye n wout nou prèske rive
Menm si tèt mw ta koupe nan lavi konn chapo m ap ret la
Aprè Bondye nan syèl manman m nasyon m m pa pou anwo m pa pou anba
Yo mèt kraze matyè espri m ap ret pou God la
M ap ret konfyan jodi demen m konnen m ap kase kòd la
M renmen ret pozitif ak tèt mw jouk rive nan kè m
M ap rete fèm sou pakou m pou tan m tounen nan tèm
M sòti n on pwen m prale n on lòt m pa la pou m fè moun pè m
M prèske rive wout la long men m ap pwofite lè m
Bòt mwen byen lase pandan m ap bade n on salte
Figi m plen takte menm jan wout la chaje mak pye m
M prèske rive pentire ak koulè viktwa
Si m te plante mayi l ap leve mayi li p ap leve pwa

Tafa

M fèmen je m pou m gade dèyè
M wè tout chimen mwen gentan fè
Nuit blanch yo pote koulè
Sakrifis yo peye nan kè m, santi mwen prèske rive
Nuit blanch yo pote koulè

M fèmen je m pou gade dèyè
M wè tout chimen mwen gentan fè
Nuit blanch blanch blanch yo pote koulè
Sakrifis yo peye nan kè m, m santi m prèske rive
Nuit blanch yo pote koulè

©2003- 2025 lyrics.com.br · Aviso Legal · Política de Privacidade · Fale Conosco desenvolvido por Studio Sol Comunicação Digital