Gè a Posib

MCM Powèt Revòlte

Compositor: Não Disponível

Mizik pa fe revolisyon Li akonpanye revolisyon an
Ou ka touye rebèl la men jamè rebelyon an
Simen vyolans se gè w ap rekòlte
Lè enjistis la flagran, powèt la dwe revòlte
MC

Mas la lèd, se sa ki koz kaye m sal
Fraz yo tap mèg anpil pou m ta vin ekri m anvi pran bal
Pandan mwen fè 30 an m ap ame tèt mwen
Nan je m dewoulman sistèm yo te fè m t ap file bèk mwen
Wè!!
Pou prepare pou konba k gen pou fèt la
Depi nan rasin y atake n fè n konn anpil defèt la men nou t la n t ap pran kou n t ap aprann
Isit menm si w wè w sou machin ou mèt konsidere w sou beki
Nou pa pwodui ankò n pa bezwen di n vann
Konnya se plis disko, mwens yn bon lekòl se dwòg se plezi
Lavi s on konba, se sa lidè m yo te aprann mwen
Aprè Bondye nan syèl la m gad 2 sou kotem epi m defann mwen
Se chen manje chen n ap viv, chak koukouj klere pou je w
Li vin pi fasil pouw kanp on gwoup gang twòp jenn p ap bouje
Si Ayiti w la diferan solèy la gen pou fè w reprann koulè w
Kiyès w ap tann ki pou viktim pou w konprann doulè w
Vwa yon nèg n on chanm ki t ap goumen pou l soti
Yon ti koulèv anba wòch kote krab k ap panse pou l grandi
Pwen anlè nou t ap batay pou n mach ak fyète n
Menm lonbraj nou vin pa sanble n bat pou l pa kouri kite n
Wè!!

Si w pozitif kote w ye a kriye viktwa
Ret kwè nan batay, menm si yo ka vin pran w n on vit nwa
Bò isit se sa yo fè pi byen yo konn kiyès kap jwenn jistis depi nan ginen
Pi devan w ap konprann ide a m apenn kòmanse
Yo ame yn pakèt ti jenn lajan ap depanse
Yo aji jan yo vle, pa gen atik, pa gen lwa
Si w ta chèf pou ayisyen sèlman m garanti w sa pa pouvwa
Kont ènmi deyò, kiyès ki la pou pwoteje n
Kiyès ki la pou kanpe pou nou lè yo vin pete je n
Yo kraze lekòl, menm yon lopital pa fèt
Kòb pwojè peyi a boule e san l ap pran bal nan tèt
Kounya menm bebe pa epanye l temèt te fèt kounya
Trayi la, mouri la, nèg yo vin pi trèt kounya
Verite a pale w jwenn ou pa ta dwe mande
Tout ti krab fè legim isit neg yo mache tou bande
Gè a posib ide sa soti anndan tout sa n sibi
Sosyete a bezwen n, n enplike n pandan n ap tann Jezi vini
Se pa bliye n bliye game nan te vire pou n vire tou
Met gason sou ou pou w fonksyone avan kò w al nan twou

Wè! , èske se mwen?
Èske se ou?
Èske se yo k fè pou m mache nan lari pòtoprens kounya fò m g on bon jile?
Èske se byen pou m ap ekri m pa pale de yo
Pandan yo kase kès peyi m yo promèt mò pou sa k opine?
Jan w kanpe a se fason sa m ap wè w
M pa nan imajinasyon si w nan sistèm nan konnen m gen avè w
Reyèl, yon brav, yon anti pou sa kap bòykote
PR ou pran pou chay ou met sou tèt ou saw pa ka pote

Tretman ke y ap ban nou isit la endinye n
Nou se moun, nou pa bèt, sitwayen fò n enplike n
Verite a fèt pou l bay, merite a fèt pou l jwenn
Kijan nou vle pou isit kanpe si n pa janm bay bebe yo brenn
Dayè yo bati echèk ban nou rete pe
Lanmò papa nasyon an te fè kwè bouch nou te tepe
M bezwen lapè aprè gè a sèl fason n ka kontre
M pa nan akouche sistèm sa m plis sou avòte

Gè a posib
Lontan sa si n sansib pou byennèt nou
Yo atake avni n sèke yo chavire bonèt nou
Gè a posib
Si gang nan machin ofisyèl
Si yo pete je mas la pou l viv k on zonbi ebyen l goute sèl
Li posib
Lontan sa si n sansib pou byennèt nou
Yo atake avni n sèke yo chavire bonèt nou
Gè a posib
Si gang nan machin ofisyèl
Si yo pete je mas la pou l viv k on zonbi ebyen l goute sèl

M pa vin pale fransè
Koz m pa t pase an frans yè
Yo mete n toutouni
2 sèl mo nou rete viv ou mouri
Ansanm
M te di ede m konte s on fason pou m te chèche moun
Sistèm sa bezw on anti si non n ap pèdi tout moun
Peyi pa ret sa ankò, zepòl yo kase
Jenn gason ake jenn fanm pa gen sa ankò lekòl yo kraze
Li posib si jistis lajan w ki pou fè w wè l
Si premye sitwayen yon peyi ap pale pèsòn pa ka kwè l
Sa posib depi sou masak Lasalin nan
Masak Gran Ravin, Kafoufèy sou bout tè Desalin nan
Pou ti jenn pr on aleken l ap adisyone grenn dola patnè
Li posib pou w fè prizon isit menm pou sa w pa fè
Absans leta peyi m nan tout karyè lavi m
E sa m ap gade sou bisantnè a la se sa m konn wè nan fim
Li posib, pandan m kont yon pakèt ò lalwa
W gonfle tankou èni ou ta touye m
Bondye pa bay pouvwa sa

Èske se mwen?
Eske se ou?
Eske se yo k fè pou m mache nan lari pòtoprens kounya fòm g on bon jile?
Malfra k ap f lalwa lavi vin 100 fwa pi anmè
E san fwa ni lwa yo fè jenerasyon m nan pran lanmè
Ti sonson vòlè kabrit, koripsyon sa alamòd
E pou kat elektoral menm ti nèg menm anba kòd Yo fè rès teritwa a sibi pou yon ti ponyen moun
Nan chanm nan menm mè rive akouche tèlman yo manyen moun

Gè a posib
Lontan sa si n sansib pou byennèt nou
Yo atake avni n sèke yo chavire bonèt nou
Gè a posib
Si gang nan machin ofisyèl
Si yo pete je mas la pou l viv k on zonbi ebyen l goute sèl

Èske se mwen?
Èske se ou?
Èske se yo k f pou m mache nan lari Pòtoprens kounya fò m g on bon jile?
Èske se byen pou m ap ekri m pa pale de yo pandan yo kase kès peyi m yo promèt mò pou sa k opine?

©2003- 2025 lyrics.com.br · Aviso Legal · Política de Privacidade · Fale Conosco desenvolvido por Studio Sol Comunicação Digital