Ede m Konte (feat. Ja-M EnigmatiQ)

MCM Powèt Revòlte

Compositor: Não Disponível

Ki prekosyon w n on mond si w pa t konn Judas ak Christ e Caen ak Abel
Si w wè m pran swen m pou m lave do m, se pou fas mwen ka bèl
Menm si w wè m ta ale, èv yo ap ret kwoche P si gen apèl
Bay ide yo pase mete m n on chenn m p ap gen pwoblèm avè l
Ekstansyon bon pou tout sektè isit m pa wè sa
Bak 1 bak 2 ala fen nou sou bak Ayiti n genlè pa wè sa
Èv yo pou nou men mechan t al aprann detounen
Kote yo bòy pami avèg yo san respè menm pou sa k aje
Gen sa k ale ki sèmante yo p ap tounen
Gen sa k rete malgre aktyalite lokal, lespri yo sakaje
Pou m ekri yon rèv ak yon kreyon m aprann fidelite
M sensè ak Kaye ti lign mwen m kontante m nan vide ide
Bay chak moun n on pozisyon e chak pozisyon chaje moun
Bèf la mouri nan pozisyon l si pou chanje l jou chaje moum
M tonbe m leve ak yon lòt sousi nan konba
Annou ransable tout vrè yo Man nou pa ka ret konsa

Ede m konte konbyen moun k ap mande jistis isi
Ede m konte gwo zotobre k ap mache sou piti

Nou goumenn kase kòd Nan pye n foure nan tèt nou
Pou atake lide n ankò se nou ki frèt pou nou
Ede m konte, lote, mete kèk sou kote
Ede m chèche bote sa k anpeche n yo dwe fin tete
Ede m konte sa ki vrè yo pou n f on sistèm
Sa k sibi menm pwoblèm nan anba bòt yon sistèm
Ede m konte kèk pawòl ki tonbe ò bit la
Si n wè n pa byen isit, pa antere abit la
M tèlman wè voksal m sou 30 lane enkyè
M pa ka tann ankò, pou'm wè kote'm fèt la anpè
Konte pwofesè yo, machann, konte tout ewo yo, Pou rasanbleman pi bèl, konte gra yo, konte zo yo
Ede m konte maladi k kouche atè nan lopital
Konte machann peyi yo, kidnapè, bandi k nan lari kè kal
Jou tè a tèt anba frè m, sou syèl la n ap mache paske nou gen twòp kont pou n rann

Ede m konte konbyen moun k ap mande jistis isi
Ede m konte gwo zotobre k ap mache sou piti
Ede m konte konbyen moun k ap mande jistis isi
Ede m konte gwo zotobre k ap mache sou piti

Ede m konte konbyen moun k ap mande jistis isi
Ede m konte gwo zotobre k ap mache sou piti
Ede m konte konbyen moun k ap mande jistis isi
Ede m konte gwo zotobre k ap mache sou piti

Konbyen k ap mouri grangou
Lidè konbyen k ap tann ou
Konbyen k ap manifeste
Konbyen lakay ki rete
Konbyen otorite ki gen la anmrey èske ou ka ede mwen konte
Konbyen dinyite lajan achte isi anmrey èske ou ka ede mwen konte

Ede m konte konbyen moun k ap mande jistis isi
Ede m konte gwo zotobre k ap mache sou piti
Ede m konte konbyen moun k ap mande jistis isi
Ede m konte gwo zotobre k ap mache sou piti

Ede m konte konbyen moun k ap mande jistis isi
Ede m konte gwo zotobre k ap mache sou piti
Ede m konte konbyen moun k ap mande jistis isi
Ede m konte gwo zotobre k ap mache sou piti

Ede m Ede m Ede m
Adje Adje Ede m konte

©2003- 2025 lyrics.com.br · Aviso Legal · Política de Privacidade · Fale Conosco desenvolvido por Studio Sol Comunicação Digital